Men kèk non ki ka vin ranplase Pierre Jean Jacques nan tèt seleksyon nasyonal la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
men kèk non ki ka vin ranplase pierre jean jacques nan tèt seleksyon nasyonal la

Aprè kèk pwoblèm ak komite nòmalizasyon an, Pierre Jean Jacques konnen l pap rete nan tèt seleksyon nasyonal la, aprè siksè li ak Grenadye yo pou Lig A Nasyon CONCACAF yo epi kalifikasyon pou Gold Cup 2023. Men kèk non ki ka vin ranplase Pierre Jean Jacques nan tèt seleksyon an: Franck Dumas, Pablo Correa, Didier six, Gabriel Humberto Calderon.

Aprè dosye Duckens Nazon ak koze prim match epi koze lakan FIFA envesti nan foutbòl ayisyen an, sa ki te pouse Pierre Jean Jacques soti nan laprès pou l denonse kèk bagay aprè Gold Cup 2021 an. Deklarasyon sa yo te mete komite nòmalizasyon an nan ti soulye yo, epi pran desizyon pou pa renouvle kontra seleksyonè a. Men antrenè ki ka vin pran tèt seleksyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Franck Dumas

Yon fransè ki gen 55 lane, ki te antrene SM Caen, ki gen eksperyans ak anpil klèb afriken tankou TP Mazembe.

Pablo Correa

Se yon Irigweyen ki gen 56 lane, yon antrenè ki fè anpil eksperyans nan peyi Lafrans, kote l te dirije klèb sa yo : Nancy, Evian epi Aj Auxerre.

Didier six

Se yon yon fransè ki fèt nan peyi Latiki, li gen 68 lane. Li te antrenè seleksyon Gine ak Togo.

Gabriel Humberto Calderon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon ajanten ki te antrenè Arabi Sawoudit, Oman epi l te pase nan Liga, kote l tap antrene Betis Seville. Li gen 63 lane.

Pendan anpil seleksyon ap aprann mete ansyen jwè yo nan tèt seleksyon an, kominite nòmalizasyon an vle renouvle eskperyans li ak antrenè etranje yo, ki pa souvan bay bon rezilta ak Granadye yo. Eske pran yon etranje nan tèt seleksyon an se pi bob chwa pou Ayiti ki pra l jwe Gold Cup la nan 2 mwa?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive