Dosye Jovenel Moïse : premye parèt devan lajistis pou pastè Sanon 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : Youtube

Akize kòm youn nan moun ki te jwe gwo wòl nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, pastè Christian Emmanuel Sanon parèt pou premye fwa devan lajistis, jounen lendi 5 septanm lan. 

Christian Emmanuel Sanon, youn pami moun ki arete nan kad dosye asasina sou ansyen prezidan an, prezante nan kabinè enstriksyon jounen lendi an, devan jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire ki responsab mennen ankèt sou dosye sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan plis pase 3 zè, pastè a ki pami plis pase 40 moun ki nan prizon nan dosye sa te reponn kesyon majistra enstriktè Voltaire an prezans avoka li Mèt Stanley Gaston ki te la pou asiste l. Lapolis te arete pastè daprè kèk jou aprè asasina ansyen prezidan nan mwa jiyè 2021. 

N ap raple, nan semèn ki sot pase a, majistra Walter Wesser Voltaire, nan yon òdonans, te fè konnen ak dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan e ak komisè gouvènman an bò kote tribinal lan li pa p kapab respekte dèle twa mwa li genyen pou travay sou dosye sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.