Rayy Raymond finalman soti nan silans li apre yon lane absans 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Youtube

Chantè Rayy Raymond, depi yon bon bout tan ki te chwazi rantre tèt li nan endistri mizik la pou rezon pèsonn pat konnen, soti nan silans li ayè 5 septanm 2022 a pou remèsye fanatik li yo ki pat sispann bougonnen absans li. 

Finalman « Absans ou toumante m » vin yon reyalite nan lavi fanatik Rayy Raymond yo, se depi apre dènye mizik li « Envizib »  ki te pibliye nan dat 2 dawou 2021 pase a atis la tou plonje nan silans li. Yon lane san nouvèl li, san danse epi chante mizik li, sa ki ta pral pouse fanatik yo frape pòt kay atis la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Pi lwen fanatik la ta pral pèsiste sou disparisyon atis la nan HMI lan, li ta pral poze atis la divès kesyon tankou

RAYY ? KOTE W ? OU RIVE DOMI LÈSWA ? MAP SOURI MEN AN REYALITE MPA BYEN KOTE W ? POU KI REZON MAP VIV

San inyorans atis la te toutswit reponn  » MWEN VIVAN «  se sa a nou te kapab  li sou paj Instagram li. 

Nouvo Rayy, Nouvo stil, Nouvo Monn. 

Absans atis la pandan yon lane pat vle di konklizyon nan karyè chantè pwofesyonèl li, daprè Billy ki se yon responsab nan kominikasyon atis la, te gen yon rezon pou silans atis la, kontrèman ak sa tout moun te kapab panse. Dèfwa atis yo konn ap travèse moman difisil nan lavi yo, sèl mwayen yo santi yo ka jere tèt yo se fè silans

Billy te reponn kesyon nou konsa aprè nou te mande l rezon ki te lakòz silans etènèl sa a,  toutfwa kominikatè a fè konnen sa pa vle di ekip Rayy la pap travay sou kèk pwojè.

 « Gen anpil bèl pwojè, gen mizik misye chante an espanyòl, atis la tèlman gen bagay kap vini, Misye gen mizik pou l fè yon Albòm tèlman gen pwojè » konsa Billy te konfime nou silans la pa pou lontan. 

Rayy konte vini sou yon lòt fòm nan endistri mizik ayisyen an, se pou yon rezon favorab atis la anvizaje fè tranzisyon sa yo, Billylouk rasire atis la ap pi move nan jou kap vini yo, san yo pa anonse yon dat ofisyèl. Kanmenm, nou espere jwenn yon konferans pou laprès, nan lide pou fanatik yo konprann rezon silans sa a epi ofisyalize retou ak pwojè atis la gen nan bak li pou melomàn li yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.