E si Bwa Kale te sòti dwat nan laBib ?

Revital Lynch
ParRevital Lynch
e si bwa kale te sòti dwat nan labib

Nan kòmansman lane 2000 yo, gen yon gwoup endividi san fwa ni lwa ki deside suiv yon ideyoloji, kenbe zam pou mache teworize pèp Ayisyen an. Konsa, depi plis pase 10 lane, pèp Ayisyen an ap sibi zak malonèt ak teworis anba men move je sa yo. Nan 3 dènye lane sa yo, teworis sa yo vin pi opilan, yo touye, yo rache, yo boule e yo menm anpeche moun viv lakay yo nan anpil zòn nan peyi a. Nan mwa avril 2023, yon evènman sanzatann te rive nan Kanapevè e se nan sans sa yon mouvman rezistans ki pote non Bwa Kale te pran nesans.

Avan n ale pi lwen, li enpòtan pou aprann konnen kisa mouvman Bwa Kale a ye. Nan mwa septanm 2022, pèp Ayisyen te deside fè yon leve kanpe pou manifeste kont dirijan yo ki pa janm aji fas ak enjistis teworis yo ap fè sou plizyè manm nan popilasyon an, konsa yo te lanse yon seri revandikasyon sou non Bwa Kale, mouvman sa pa t rive atenn objektif li men yon evènman ki te pase nan yon manifestasyon jounen ki te 22 septanm 2022 an te kòmanse bay yon apèsi de Bwa Kale ki la jounen jodi a. Nan jounen sa, te gen yon seri manifestasyon, nan youn nan manifestasyon sa yo nan komin Petyonvil, ansyen direktris jeneral SMCRS sou gouvènman Michel Martelly a, Magalie Habitant ki gen non l site nan zafè koripsyon, te tante pran beton an nan mitan popilasyon an, pèp la pa t manke pa leve men sou madanm lan, kalonnen l wòch, kote se kouri yo te kouri chape poul li sou yon moto pou popilasyon an pa t ba l Bwa Kale. Nan kèk èdtan, pawòl la te kòmanse simaye sou rezo yo “Magalie manke pran Bwa Kale”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè evènman sa, anpil opinyon te sipòte lide pou mache bay lidè politik kowonpi yo Bwa Kale, pami kèk non ki te site pa André Michel la te souvan nan tèt lis la, dayè mesye a te manke pran Bwa Kale nan antèman jounalis militant Lilianne Pierre Paul, jou ki te 12 out 2023 a.

Yon lòt evènman te rive nan dat 24 avril 2023, kote plizyè manm yon gwoup teworis, souvan medya lokal yo rele gang, t ap eseye travèse zòn Kanapevè pou al bay yon lòt gwoup parèy yo kowòm. Lapolis te rive poze lapat sou gwoup move je sa yo e yo te arete yo. Gen yon foul moun nan zòn lan ki te rasanble sou sèn arestasyon an, yo t ap mande jistis, foul la pa t bay lapolis chans pou mennen teworis yo nan prizon, yo te pran yo nan men ajan PNH yo e yo te kalonnen yo wòch ak boule kèk nan yo vivan. Se konsa mouvman Bwa Kale a vin yon fòm rezistans popilasyon an mete kanpe pou kwape zak san pitye teworis yo ap fè sou yo depi plizyè lane. Konsa nan kouran mouvaman sa, plizyè zòn nan peyi a mete brigad pou siveye e detekte mòd asasen sa yo epi pwofite ba yo Bwa Kale.

Si mouvman an te jwenn bravo la kontantman nan men anpil moun, gen kèk sitwayen ki pa t sipòte fòm rezistans sa, tankou yon mesye yo rele Ariel Henry, nan okazyon fèt agrikilti ak travay jou ki te premye me 2023 a, li te bay yon diskou tèt chaje kote l te alèz pou l montre li pa apwouve mouvman Bwa Kale a, li te menm mande pèp la “pou kalme l”, pandan y ap mouri pi plis chak jou, sitou depi lè l pran tèt peyi a kòm sèl kòk chante nan savann lan.

Kesyon k ap poze koulye a : Ki kote Bwa Kale a sòti toutbon ? Èske mouvman Bwa Kale a pa gen plas li nan yon sosyete kote pèsòn pa alabri ?

Nan rechèch ki fèt sou dosye Bwa Kale a, pèp Ayisyen pa premye pèp ki gen tandans sa, nou pral sezi aprann koze Bwa Kale sa se nan labib menm li sòti, fè yon kout je ak nou sou pwen ki ranfòse refleksyon sa :

Gen plis pase 70 vèsè ki pale de chatiman lanmò nan Bib la, pami yo gen plis ke yon trantèn ki trete dosye Bwa Kale a, sa vle di lapidasyon, kidonk yon moun popilasyon an kalonnen wòch jis souf li etenn epi gen lòt vèsè ki pale tou sou koze mete dife sou moun lan tou vivan.

Gen vèsè nan labib ki pale klè sou dosye Bwa Kale a e ki menm di se Letènèl menm ki pase lòd la, jan nou li l nan Levitik 20:1-2 : “Letènèl pale ak Moyiz, li di l’ konsa: -W a di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k ap viv nan peyi Izrayèl la, kite yonn nan pitit li yo bay Molèk, se pou yo touye l. Moun nan peyi a pral kalonnen l kout wòch.” Pi devan Bib la montre lòd Letènèl pase sou koze mete dife sou moun tou vivan nan 2 Samuel 23:7 : “Nenpòt moun ki manyen yo ak yon epe oswa yon lans ak frenn, se pou yo boule l nan dife sou plas.” Pou rapèl, tout moun dwe konnen Samyèl se te yon pwofèt BonDye e li te youn nan gwo Jij nan epòk li a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan plis ke 30 vèsè ki pale de Bwa Kale yo, genyen ki pale de lapidasyon e lòt ki pale de imolasyon, sa vle di moun yo boule. Nan Juges 15:6, yo pale de yon istwa kote yo te pase yon fanm ak tout papa l nan Bwa Kale.

Toujou selon Bib la, lwa sou Bwa Kale a tèlman gen enpòtans, kote gen anpil ka yo fè Bwa Kale sou kèk sèvitè BonDye li pa t menm reyaji, malgre yo t ap pale nan non l, se sa ki te rive Zacharie nan 2 Kwonik 24:20-21 : “Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la, te abiye ak lespri Bondye. Li kanpe devan pèp la, li di yo: -Men sa Bondye di: Poukisa nou dezobeyi kòmandman Seyè a? Ou p ap pwospere; paske nou lage Seyè a, li pral lage nou. Yo fè konplo sou do li, yo kalonnen l kout wòch sou lòd wa a nan lakou Tanp Seyè a.” Gen istwa Etienne (Travay 7:58-59), gen istwa Paul (Travay 14:19) pou n site sila yo sèlman.

Koutim Bwa Kale a te tèlman alamòd nan tan biblik yo menm Jezi pitit BonDye a te manke pran Bwa Kale nan menm pèp Jwif la. Jan youn nan disip li yo rapòte sa, “yo te manke lapide l nan tanp lan”, se bon pye l ki sove l, nou ka li sa nan Jan 8:59. Pi devan menm disip Jezi sa eksplike nan chapit 10 la, pèp Jwif la te di se paske Jezi te vle fè tèt li pase pou Dye ki fè yo t ap ba l Bwa Kale a. Pa gen yon kote nan Bib la yo montre Letenèl te reyaji, menm nan sitiyasyon sa kote *sèl grenn pitit li a (Jan 3:16)* te manke pase move moman anba men foul la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen kote nan Bib la yo di se Letenèl menm ak pwòp men pa l ki bay Bwa Kale a, se sa nou kapab li nan Levitique 10:6.

E youn nan vèsè kote yo pale de Bwa Kale a nan tout dimansyon l se nan Josué 7:25 kote yo mete tou de chatiman yo kòm pèn BonDye te prevwa.

Koulye a li klè pou tout moun, mouvman Bwa Kale a se yon fòm chatiman li ye pou move je ak sila yo k ap komèt zak malonèt, menm si gen kèk inosan ki pase anba woulo. LaBib montre l aklè, menm BonDye ou byen Letenèl bay Bwa Kale pa l, pafwa se tout yon peyi li konn bay chatiman an, nou pa ka bliye Sodòm ak Gomò. Raple nou sa Jezi te di nan Mak 3:27, jounen jodi a li klè, si Bwa Kale a se fòs pèp la, pi bon mwayen pou pèp la defann kay li, mande tèt nou èske mouvman rezistans sa pa gen plas li nan kondisyon bagay yo prale la ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.