E si polisye Kenya yo ta pè vin riske lavi yo nan sa k ap pase Ayiti an la ?

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
e si polisye kenya yo ta pè vin riske lavi yo nan sa k ap pase ayiti an la

Si prensipal espwa gouvènman ayisyen an se kapab mennen yon fòs miltinasyonal nan peyi an pou vin batay kont gang yo ki okipe pou kounya 90% teritwa rejyon metwopolitèn lan daprè Nasyonzini, enkyetid yo anpil bò kote polisye kenyan yo ki pa wè twò klè nan misyon sa.

Daprè sa medya lokal Kenyan Report rapòte, youn nan polisye Kenyan mobilize yo, ki te chwazi rete anonim, fè BBC konnen plizyè polisye ki te dwe patisipe nan misyon sa deja sòti nan angajman yo te pran an akoz pa gen yon mekanis klè sou fason y ap gen pou travay nan kad misyon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ofisye sa yo ki fè pati 1000 polisye William Ruto pwomèt Ayiti kòm patisipasyon peyi pa Kenya ki ta dwe pran tèt fòs miltinasyonal sa gouvènman ayisyen an ki gen nan tèt li Dr Ariel Henry kòm Premye minis te mande Konsèy sekirite Nasyonzini an nan lane 2022, gen gwo enkyetid pou lavi yo.

Polisye Kenyan sa ki pa t otorize BBC revele non l, fè konnen plizyè ofisye chwazi pou yo pa patisipe nan deplwaman sa ankò akoz pa gen okenn garanti pou sekirite yo an nan sa k ap pase Ayiti an la kote gang yo ap vin pi fò chak jou epi ogmante nivo vyolans lan nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

Gen yon lòt ofisye ankò ki fè jounal la konnen gen plizyè manm nan ekip li an ki te deja retire kò yo semèn ki sot pase an akoz monte vyolans lan nan rejyon metwopolitèn lan kote plis pase yon demi douzèn Soukomisarya polis kraze epi pase anba dife, san konte prizon sivil Pòtoprens ak Kwadèboukè an ki kraze kote anviwon 5 000 prizonye lage nan lari a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.