ED’H bezwen 1,2 milya dola pou rezoud pwoblèm blakawout la

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
ed'h bezwen 1,2 milya dola pou rezoud pwoblèm blakawout la

Nan yon moman kote prèske tout peyi a plonje nan fènwa depi plizyè mwa, Minis travo piblik la, Rosemond Pradel, fè konnen ED’H bezwen 1,2 milya dola ameriken pou rezoud definitivman pwoblèm blakawout la.

Elektrisite Ayiti (ED’H) k ap konnen yon kriz san parèy depi plizyè mwa, prensipalman aprè lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, te mete devan je tout sosyete a difikilte y ap fè fas ki anpeche yo bay popilasyon an kouran nòmalman.

Minis travo piblik gouvènman Ariel Henry an ki t ap prezante yon plan pou redrese sitiyasyon ED’H la, fè konnen ak 1,2 milya dola ameriken y ap kapab rezoud pwoblèm blakawout la nan peyi a.

Minis Pradel ki fè konnen Leta ayisyen pa gen ase lajan pou finanse gwo reparasyon enfrastrikti ED’H yo, kwè gen nesesite pou genyen yon patenarya piblik-prive pou redrese sitiyasyon an k ap degrade jou aprè jou.

N ap raple, nan lane 2019, ansyen prezidan Jovenel Moïse te depoze devan Palman an yon pwojè ki te vize prete nan men Repiblik Taywann 150 milyon dola ki t ap gen pou konstwi rezo elektrik pou bay kouran nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.