Kylian Mbappé ak Jude Bellingham, de priyorite Real Madrid pou mèkato ete a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kylian mbappé ak jude bellingham, de priyorite real madrid pou mèkato ete a

Pou sezon k ap vini la, Real Madrid kòmanse enflyanse mache transfè a. Aprè dosye Jude Bellingham lan, Kylian Mbappé se yon sib enpòtan pou Madrilèn yo, daprè jounal “The Telegraph”. Menm lè anpil medya ta fè kwè se yon rimè, anpil fanatik Real Madrid kwè klèb la kapab reyisi de kou sa yo paske li se youn nan pi gwo klèb nan mond lan, epi se yon egzèsis yo fè byen, fè pi gran jwè yo vini nan klèb la.

Prezidan Real Madrid la, Florentino Pérez, pare pou l lanse kanpay Galaktik li a kote l vle fè vini nan klèb madrilèn lan, pou sezon 23/24 la, Mbappé ak Bellingham, de jwè klas mondyal. Yon enfòmasyon medya anglè “The Telegraph” bay jodi jedi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou dosye Jude Bellingham lan, laprès te gentan fè konnen jwè 19 lane a te mete l dakò ak Real Madrid. Yon transfè ki kapab koute “Merengue” yo 100 milyon ewo ak 40 milyon bonis pou yon kontra k ap bout an 2029.

Yon lòt bò, se jwè fransè a, K. Mbappé ki te rate posibilite pou l te siyen ak Real Madrid sezon pase a. Malgre pwolongasyon li ak PSG pou 2025, jwè a gen anvi rejwen Real, sa li pat fè sezon pase a. Dosye Mbappé a kapab konplike pou Real Madrid paske PSG pa gen okenn entansyon kite nimewo 7 li a ale.

Real Madrid ki pa gen pwoblèm kòb, kapab tante monte pwojè Galaktik li a pou sezon k ap vini an. Nan yon mwa ankò, mèkato ete a pral chofe.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive