Elèv 9yèm yo gen chwa pou konpoze swa an kreyòl oubyen an fransè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
elèv 9yèm yo gen chwa pou konpoze swa an kreyòl oubyen an fransè

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl tabli yon gwo inisyativ nan sousi pou fasilite elèv ki pral konpoze nan egzamen nevyèm ane yo. Se Minis Nesmy Manigat nan kad yon konferans pou laprès li bay yè jedi 15 jen 2023 a, ki anonse elèv yo gen chwa pou yo konpoze swa nan lang fransè oubyen nan lang manman yo ak papa yo ki se kreyòl, men, anglè, espayòl ak fransè pa ladan l.

“Youn nan lòt gwo desizyon minis Manigat anonse pandan konferans pou laprès sa, gen pou wè ak posibilite yon elèv ap genyen pou li konpoze pandan egzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal yo an fransè oubyen an kreyòl. Anwetan disiplin tankou anglè, espayòl ak fransè, tout lòt tèks egzamen yo ap disponib an kreyòl ou byen an fransè. Se kandida a li menm k ap gen pou chwazi”, te deklare enstitisyon an nan yon nòt yon konfrè jounalis Juno7 pataje ak redaksyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon desizyon plizyè elèv 9èm monte abò li, si n ta kwè plizyè nan temwanyaj yo: ” desizyon sa ap itil nou anpil, sa fè lontan n ap mande sa. Mwen swete li kenbe paske si kreyòl ofisyèl kòm lang menmjan ak tout lang, li dwe gen pye sou lang etranjè yo sitou nan edikasyon an Ayiti”, te deklare Bhetsaïda nan yon ti bat bouch nou te gen ak li.

Nesmy Manigat, pou montre rezon desizyon sa, fè konnen se pou li kapab fè respekte, san patipri, kourikoulòm lekòl fondamantal la, yon fason pou tout matyè ki nan kourikoulòm nan yo anseye yo tout bon vre nan lekòl yo. Sa ki kapab ede jèn elèv yo develope tout konpetans yo dwe develope epi kontribiye nan devlopaman ekonomi peyi a pandan y ap konsolide kilti nasyonal la.

Lòt desizyon ki pran se kowefisyan yo ki ogmante kote Kreyòl pase de 200 a 300. Se menm bagay la pou Syans sosyal – ki genyen ladan l Edikasyon sou sitwayènte -, ak Syans eksperimantal ; kowefisyan yo tou pase de 200 a 300.

 

Transfè Konferans :  Juno7

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.