EMNA mande pèp la pou yo entansifye mobilizasyon yo epi paralize peyi a pou ranvèse Ariel Henry 

Par
Mackendy Filderice
Rédacteur
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.
- Rédacteur
emna mande pèp la pou yo entansifye mobilizasyon yo epi paralize peyi a pou ranvèse ariel henry 

Espace de Mobilisation Nationale (EMNA) nan yon kominike ki pibliye lendi 19 septanm 2022 sa a mande popilayson an pou yo entansifye mobilizasyon yo pou ranvèse ekip ki an plas la  ki  pa kapab satisfè bezwen popilasyon an. Epi yo te fè konnen tou Ayisyen ki  ap manifeste pou fè respekte dwa yo ak diyite yo pa ni gang ni bandi.   

« Ariel Henry deside pa tout mwayen pou ogmante pri gaz ak  pwodwi nesesite debaz  yo nan objektif pou asfiksye yon pèp ki deja redwi nan mizè », te di manm estrikti sa, yo menm ki fè konnen pèp ayisyen an twouve yo nan yon eta ki grav,  yo oblije sèvi ak tout estrateji  prezève dwa yo. 

Yo te fè konne tou nan nòr pou laprès  sa, lidè ki sou pouvwa yo te minimize gwo efò pèp ayisyen an finalman ap deplwaye nan kad mobilizasyon ak revandikasyon jis ak lejitim ki gen sèl objektif se asire yo siviv ak tout mwayen posib ak imajinab. 

Se sak fè apre tout obsèvasyon sa yo, Mèt Marc Antoine Maisonneuve, manm estrikti sa a, mande popilasyon an sèmante tankou zansèt nou pou yo kontinye revòlt la, ogmante presyon an, entansifye mobilizasyon yo epi paralize peyi a jiskaske dezòd total sa fini nan peyi a.

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.