Asosyasyon Famasyen d Ayiti eksprime gwo enkyetid sou sitiyasyon k ap domine nan peyi a depi plizyè jou, estrikti sa a envite gouvènman an chita ak moun ki konsène yo pou l ka revize desizyon sa a.
Daprè Prezidan Assosyason Famasyen d Ayiti, Pierre Hugues Saint-Jean, kontèks sosyo-ekonomik aktyèl peyi a pe pèmèt Gouvènman ogmante nan pwodwi petwòl yo.
Famasyen an kwè gen yon nesesite pou otorite gouvènman yo chita ak plizyè moun ki gen enterè yo pou yo ka rekonsidere ajisteman pri gaz la. Paske dapre li ogmantasyon pri gaz la, nan jan li prezante a pral konplike kondisyon sosyo-ekonomik fanmi ayisyen yo.
Se sak fè, Li konseye gouvènman pou li revize desisyon sa, konsa lap envite gwo pwoblèm nan peyi a.

