Ayiti-Aktyalite : Meri podepè, lanse operasyon kwape machann gaz pou ede popilasyon rale Yon souf

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon nòt pou laprès ki date 4 dawout 2021 an, responsab meri nan vil podepè yo lanse yon operasyon ki rele << Kwape Machann Gaz , k ap fè mache nwa nan vil la >>.

Nan lide sa pou reponn ak objektif sila, lameri site kapwa lanmò a mete tèt ansanm ak lapolis nan vil sila pou fè respekte prensip yo, nan sans sa lapolis ak lameri deja arete 6 gwo revandè gaz ki gen pou reponn kesyon lajistis e depoze sele sou depo yo .

- Advertisement -
Ad imageAd image
Kredi foto : Meri pòdepè

Dirijan yo fini nòt la Pou yo fè konnen , inisyativ sa ap pèmèt popilasyon an rale Yon souf sou kesyon lavi chè k ap taye banda nan komin lan akoz malveyan sila yo k ap fè mache nwa ak pwodwi petwolye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article