Ayiti-Mizik:Aprè 10 lane, Beethovas Obas kontinye fèl an BON BAGAY

Steven Aristil
ParSteven Aristil

A vous tous qui m’avez soutenu
même après dix années de silence, vous êtes le pilier de mon édifice.Puisse cet album vous permettre de voyager en découvrant la vie sous un autre prisme et en contribuant au bonheur de chacun!

Aprè yon bon ti tan depi li absan sou sèn mizikal la ak nouvo pwodiksyon,Se avèk pawòl sa yo atis Beethovas Obas lanse nouvo albòm li ki rele  Bon bagay sou mache a mèkredi kite 18 novanm 2020 an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bon bagay, yon albòm ki genyen 11 mizik sou li, pami yo nou ka site : Bon bagay kise mizik ki pote tit albòm nan, Liberasyon,Ou la, pale yo,Eleman ak plizyè lòt ankò.

Menm jan ak ansyen albòm yo, gen plizyè mizisyen ki patisipe nan travay sou pwojè sa nou ka site yon nom tankou Jhon Bern,Eudes St-Vil,Welmyr Jean-Pierre,Thierry Fanfant,Jimmy Jean Félix, poun site sa yo sèlman e nap souliye pou ou albòm sa pwodwi e reyalize pa David Frackeure kise pyanis e aranjè.

Aprè 10 lane depi li pa gen okenn albòm ki soti, Beethovas Obas vini ak Bon bagay kise setyèm albòm li pou plis pase 30 lane depi li nan mizik.

<<Toi, ma source d’inspiration, tu me réveilles la nuit, tu es à la fois ma joie et mon désarroi, toi, Haïti, je te dédie mon 7e album dans l’espoir qu’enfin nous sortions du désert de l’ignorance.
Fans du monde entier, 10 ans plus tard, voici un autre album!>> pawòl chantè,konpozitè Beethovas Obas poul te kapab anonse soti nouvo albòm li an pou 18 novanm ki sot pase a.

Yon atis ki toujou ap chante enjistis sosyal, lanmou, peyi ak plizyè lòt tèm ankò, si nou fè referans ak kèk nan zèv li yo tankou: Pa prese, si,Couleur Café,le chant de la liberté,planèt la,bravo manman ak lòt ankò.

Nap raple pou nou ke Beethovas Obas te chanpyon nan yon konkou Américaine Airlines te òganize nan lane 1988 e kèk tan aprè li ta pral anrejistre kòm premye travay li e sa ki ta pral ouvè pòt siksè pou li nan plizyè kontinan.

Poun fini nap fè nou konnen Beethovas Obas se youn pami atis ayisyen ki fè konsè nan plizyè gwo peyi nan mond lan, nou ka site Japon,Lafrans ak Kanada e ki travay ak plizyè gwo atis nan mond lan tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Steven Aristil

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article