Ayiti-Mizik: M pa ka gon djazz ki rele Nu-Look, ki s on djazz ayisyen, pou yo di m m pa ka vin jwe la, dixit Arly Larivière

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Yon bal ki t ap òganize sou responsabilite “ Christ Prodz “ nan fontamara,selon enfòmasyon nou te rive jwenn.

Nan yon premye tan bal sa te sipoze fèt nan dat kite 30 desanm 2020 an, responsab gwoup la ak pwodiksyon ki t ap òganize l te twouve yon antant pou yo te anile l.
Aprè revelasyon Jhonn Colem Morvan te fè, li te fè konnen se pou chèf gang Kris la gwoup Nu-Look la pral jwe nan Royal Haïtian, aprè reyaksyon moun yo sou rezo sosyal yo ki t ap lapide Nu-Look, sitou Maestro Arly Larivière ak Akinson Bélizaire ( Zagalo ) ki se manadjè djazz la, yo te vin anile bal la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yèswa, Nu-Look jwe nan fontamara pou ( christ prodz ), nan yon videyo ki sou paj facebook gwoup la, nimewo 1 djazz la fè konnen, Nu-Look, son gwoup kap jwe mizik pou ayisyen, e yo gen 20 lane depi yap bay moun plezi se gras ak fanatik yo ki fè yo la toujou, pèsòn pa ka di l pa vin jwe la.

Maestro a te ale pi lwen, pou l te di si yon moun ki konnenl responsab li pa twò ta pou l mande Bondye padon, e si se abi oswa se asasinen y ap asasinen karaktè w, yo menm Nu-Look yo pa sipòte bagay sa yo.Pou l fini li fè konnen yo se mizisyen yo pa polisyen, pa melanje yo nan bagay sa yo.

NAK-MEDIA

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article