Opinion: Enposib vs Laprès,anpil animatè radyo kòmanse plenyen de tretman yap resevwa nan men ekip Enposib la

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Depi aprè sòti albòm « Kamasoutra » ki se dezyèm albòm estidyo gwoup la li pa yon sekrè pou okenn moun Enposib se gwoup kap domine mache mizikal ayisyen an.Yon lòt kote gen anpil animatè radyo nan kapital la tankou nan vil pwovens yo kap plenyen jan gwoup la ap pran distans ak yo pandan yo te dakò ouvè pòt pou yo, kolabore avèk yo, ede yo paske yo te twouve li te nesesè pou yo te sipòte yon ekip jèn ki pwopoze yon nouvo son nan HMI la.

Nap raple an 2016 lè gwoup la te sòti premye albòm estidyo a ki se »Chay » gen anpil animatè ki tap fèk fè gwo zam yo nan radio, politik mizisyen gwoup la nan epòk la se te al jwenn animatè sa yo konvenk yo pou pouse Djazz la e grandi avèk li,selon sa kèk nan animatè sa yo di nou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men kounya anpil nan yo ap chache konnen kisa ki eksplike lè djazz la fin pran jodi a yo deside pase eponj sou travay animatè sa yo.

1-Eske se paske yo twouve gwoup la pa sanble ak animatè sa yo ankò? Paske animatè yo plede envite chantè a nan emisyon yo pi plede woule yo nan farine e pandan avan li pat konsa.

2-Poukisa gwoup la ap fete 4 ane li nan peyi a yo pa voye envitasyon bay gwoup moun sa yo?

3-Poukisa chantè gwoup la te oblije pase otorizasyon ak yon ajan sekirite pou mete atè yon animatè radio (Jude Marcelin RTMS) ki te gen job pou anime yon bal jazz la tap jwe nan vil Okay jou ki sot pase yo la?

Pou konteste ak sa tout animatè nan vil Okay deside siprime depi se fichye Enposib genyen sou òdinatè radyo yap travay yo.

Gen  gwoup ak atis ki te konn atake près la ak bouch yo ak fòs fizik yo, rive yon tan yo twouve ke desizyon sa pat bon pou yo, yo te oblije kase tèt tounnen nan wout sa yo te vle pran an.

Mwen swete ekip Enposib la a kapab gen chans li tèks sa, e ya konprann nesesite pou yo kase tèt tounnen nan wout yo prale a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jacquelin Théodore

Kredi Foto : Ticket Magazine

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article