Endividi yo pa rive idantifye krible machin DJ Tony Mix ak bal nan Dèlma

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
endividi yo pa rive idantifye krible machin dj tony mix ak bal nan dèlma

Nan sware jedi 28 desanm lan, nèg ak zam yo pa rive idantifye krible machin Mahotière Tony, moun konnen sou non atis li Tony Mix anba bal. Aksyon an pase nan Dèlma 62, andedan Miso, alòske DJ a te vin ofri pèfòmans li nan yon aktivite.

Nan yon videyo ki vin viral sou rezo sosyal yo, nou konstate plizyè enpak bal sou machin atis la ki se yon Toyota Land Cruiser, koulè gri, ki imatrikile BB-221 33.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon mesaj li poste sou estati Instagram li, DJ a konfime pa t gen moun nan machin nan padan ensidan an, pyès moun nan ekip li pa gen anyen ni grafonyen.

«Mwen pa gen anyen. Tout zanmim yo byen. Pat gen moun nan machin nan », se sa DJ Tony Mix ekri sou estati li.

Aprè dram lan, plizyè polisye ki te sou plas te tire gaz lakrimojèn nan espas la pou te fasilite kalm reprann nan zòn Miso, aktivite a pa t fin kontinye paske te gen gwo enkyetid tout pandan sware a.

Nan kèk videyo ki rann piblik, vèsyon moun ki abite nan zòn lan sou sa ki pase a te detèmine yon lòt fasèt nan enfòmasyon an.

« Se kraze yo voye kraze pwogram lan, paske mèt klèb la te fè pwogram lan twò chè .»

« Mèt klèb la pa t vle moun rantre, epi li pa t bay nèg zòn yo respè », kèk nan deklarasyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.