Enspeksyon jeneral anonse yon ankèt sou polisye k ap matirize manifestan yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
enspeksyon jeneral anonse yon ankèt sou polisye k ap matirize manifestan yo 

Nan reyinyon wo kòmandman Lapolis la jounen vandredi 9 septanm 2022 an sou jesyon manifestasyon semèn ki sot pase yo, enspeksyon jeneral PNH la anonse gen ankèt ki pral mennen sou konpòtman brital anpil moun pa sispann akize Lapolis depi kèk nan moman manifestasyon yo. 

Nan yon kominike ki pibliye jounen samdi 10 septanm 2022 a sou sa ki te pale nan reyinyon sa, enspektè jeneral an chèf Lapolis la Fritz Saint-Fort bay garanti gen ankèt ki pral mennen nan nivo enspeksyon jeneral sou tout ensidan ki te konstate pandan manifestasyon yo ki ta enplike polisye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plizyè lane, anpil moun nan popilasyon an ak gwoup òganize nan sosyete sivil la pa sispann denonse konpòtman brital Lapolis pa sispann afiche fas manifestan yo nan moman pwotestasyon yo. Kolektif defansè plis, yon òganizasyon k ap defann dwa moun, te mande pandan wikenn lan pou direksyon jeneral Lapolis pran dispozisyon pou evite polisye yo kontinye nan komèt aksyon malonèt sa yo sou popilasyon an. 

Se te okazyon tou pou wo kòmandman Lapolis te debat sou sitiyasyon global sekirite a nan peyi a, evalye dispozitif sekirite ki mete an plas dènye semèn sa yo e sitou batay kont gang yo k ap taye banda sou pratikman tout teritwa nasyonal la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.