Arestasyon 8 manm gang “Kokorat san ras” nan Wanament 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
arestasyon 8 manm gang “kokorat san ras” nan wanament 

Uit prezime bandi ki fè pati gwoup gang “Kokorat san ras” k ap opere nan vil Gonayiv jwenn arestasyon yo jounen dimanch 11 septanm lan nan Wanament nan yon operasyon Lapolis ansanm avèk pakè Fò libète mennen nan depatman Nòdès Peyi a. 

Chèf pakè Fò libète a, Mèt Eno Zéphirin, akonpanye avèk plizyè inite nan Lapolis la rive arete nan depatman Nòdès peyi a 8 prezime bandi ki ta nan gwoup gang k ap opere nan depatman Latibonit lan sou non “Kokorat san ras”. Yon operasyon ki te mennen avèk asistans jij de pè titilè Wanament lan, Mèt Elie Louis-Jacques. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bitsia PIERRE ki gen 23 lane ; Cherline PIERRE, 24 an ; Bensia CHARLES, 23 lane ; Dina JOSEPH, 24 an, Mackensy SIMÉON, 23 lane, Jean Gardy BENOIT, 33 an ; John Peter FLERONVIL, 31 an ansanm ak Widen JEAN ki gen 24 an, se non 8 endividi sa yo ki twouve yo pou kounya anba men otorite Lapolis yo. 

Endividi sa yo jwenn arestasyon yo nan Wanament, youn nan komin limit ak Repiblik Dominikèn. Daprè komisè gouvènman bò kote tribinal premye enstans Fò libète a, Pakè nan jiridsyon sa detèmine pou kwape tout bandi k ap sèvi ak zòn sa pou travèse fwontyè a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.