Entènot yo dechennen sou J-Perry pou yon deklarasyon l fè sou Guy Philippe

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
entènot yo dechennen sou j perry pou yon deklarasyon l fè sou guy philippe

Pandan kriz san parèy peyi a ap konnen an, pifò atis rete nan silans yo. J-Perry li menm, nan yon dirèk TikTok, deside pale, men sa fè l atire foud moun yo sou rezo a. Selon chantè a, Guy Philippe pa dwe vin prezidan peyi a.

« Nou pa ka pran yon moun ki sot nan prizon pou mete l lidè yon peyi », se sa J-Perry lanse. Nou tout raple n sa pa gen lontan Guy Philippe kite prizon peyi Etazini apre kèk lane. Se pou trafik dwòg yo te mete l anba kòd epi kondane l. J-Perry voye jete posiblite pou lidè a ta vin prezidan, men anpil moun kite kòlè yo eklate apre yo fin tande sa l di a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon anpil moun sou rezo a, entèprèt « Dekole » a pa pi byen plase pou l ap di kiyès ki dwe prezidan akoz apatenans li a klas milat la. Yo repwoche l tou konfyolo l ak pitit ansyen prezidan Michel Martelly yo. Selon kèk moun, pa gen mwayen pou yo kite blan vin deside pou yo la ankò.

Gen moun ki ale pi lwen ak koze a : yo fè konnen se si yo pa vle Guy Philippe p ap prezidan oubyen si yo wè l p ap bon pou yo, li p ap prezidan. Milat pa gen dwa deside pou yo ankò, daprè sa yo di. Yo fè konnen yo p ap tonbe nan chema kote kolon blan an met pye sou kou yo antanke esklav.

Nan menm deklarasyon sa, J-Perry ilistre vizyon l genyen sou jan sa ta dwe fèt pou n remèt peyi a bay yon prezidan k ap mennen n sou bon wout chanjman an : « Fòk konvèzasyon yo fèt pou nou ka dezinye, mete yon moun ki kalifye nan ‘place qu’il faut’ a ». Antouka, se pawòl ki mete gaz nan dife a.

Èske se layèn pou milat ki koze reyaksyon sa lakay moun yo ? Èske J-Perry gen rezon ? Ki lejitimite Guy Philippe genyen pou l ta pran tèt peyi a lè n konnen pase l kòm dilè dwòg ? Ki veritab rezon ki leve kòlè moun yo ? Kiyès ki gen rezon ? Kiyès ki antò ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.