Ericka Julie Jean Louis se yon atis pliridisiplinè anpil moun ta pral dekouvri talan l pandan divès prestasyon ak djaz li t ap evolye ki se ‘‘Siwomiel’’. Byen anvan sa, Ericka te fè anpil chimen epi reyalize plizyè gwo eksplwa. Nan yon ti chita pale li te fè ak Netalkole Media, li te fè yon rale sou karyè l e li te pwofite pale de plizyè fwa l te al reprezante Ayiti sou echèl entènasyonal la antanke dansez.
Toujou nan kad ti bat bouch ak ekip NetAlKole a, Ericka te pale tou de wòl prensipal li jwe nan plizyè festival teyat ki fèt nan peyi a epi lansman karyè solo l ak dènye videyo l la ki titre « Si m te gen pouvwa ». Li te pwofite anonse divès nouvo pwojè.
Ekip NetAlKole média envite nou gade entèvyou a nan videyo sa :
Facebook Comments