Erik ten Hag pa bezwen Neymar nan Manchester United

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
erik ten hag pa bezwen neymar nan manchester united

Kontra Brezilyen an k ap rive nan bout li ak PSG nan lane 2027, klèb la prè pou l kite Neymar pati si l jwenn yon bon pwopozisyon pou li. Dènyè semèn sa yo, non Brezilyen an t ap site nan laprès kòmkwa li ka jwe nan Premier League la. Dirijan Manchester United yo te entèrese ak jwè a, men, daprè SportZone, teknisyen olandè a, Erik ten Hag, pa bezwen Neymar nan efektif li an sezon k ap vini an, daprè sa l fè konnen.

Dirijan Manchester United yo t ap eseye wè nan ki mezi yo te ka pran Neymar sou fòm yon prè nan PSG pou sezon kap vini an daprè sa Daily Mail fè konnen. Sepandan, Erik ten Hag kanpe an kwa pou l montre li pa bezwen Brezilyen an nan ekip li. Poutan Casemiro ak Antony ap eseye konvenk jwè a pou l vin evolye nan Premier League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si opsyon Reds Devils yo pa mache pou Neymar, li kapab rejwenn Chelsea, sa ki pa yon bon afè pou jwè a paske Blues yo pa p nan okenn konpetisyon ewopeyen sezon sa. Ak Mauricio Pochettino, dirijan yo vle konstwi yon lòt ekip aprè move sezon yo sot pase a, sa ki ta fè yo entèrese ak yon jwè tankou Neymar.

Neymar ki swete rejwenn yon klèb k ap jwe Lig dè Chanpyon sezon k ap vini an dwe rete tann lòt òf. Aprè Messi fin anonse l ap kite klèb parizyen an, Neymar ki santi l pa enspire konfyans ankò, kapab tou mete yon bout nan kontra li ak PSG epi al fè yon lòt eksperyans.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive