Sezon 2022-23 nan Liga te pasyonan, anpil bèl match ak anpil bèl rezilta. Si gen ekip ki rive rete nan Liga a, genyen ki desann nan dezyèm divizyon. Konsa tou gen lòt ki rive pran plas yo pou konpetisyon ewopeyen yo. Youn nan enfòmasyon ki sipriz nan dènye jounen Liga a, se Benzema ki mete yon fen nan istwa l ak Real Madrid aprè 14 lane. Yon enfòmasyon ki ta pral vini aprè dosye rasis sou Vinicius la te fè anpil polemik.
Xavi pran premye tit li ak Barcelone, Lewandowski fini bitè Liga a ak 23 gòl epi Antoine Griezman meyè pasè ak 12 bas desizif. Si dosye rasis sou Vinicius lan te choke tout mond la, nouvèl Benzema kite Liga a se yon seyis. Fransè a kite Real Madrid ak tout fyetè li aprè yon gòl fas ekip Athletic Bilbao a.
3 ekip k ap desann nan 2èm divizyon an
Ekip tankou Elche (25 pwen), Espanyòl Barcelone (37 pwen) ak Real Valladolid (40 pwen) ap kite Liga a.
3 ekip k ap jwe Konferans Lig ak Europa Lig sezon kap vini
Aprè yon bon sezon, ekip Osasuna a rive devanse Athletic Bilbao epi Mallorca ki te pye pou pye nan do l aprè yo fin bat Girona (3-0) nan dènyè jounen an. Siksè sa bay ekip Jogobra Arrasate Elustondo a yon plas nan konferans Lig sezon k ap vini an. Yo fini 7èm nan Liga a ak 53 pwen.
Lòt 2 ekip k ap patisipe nan konpetisyon ewopeyen yo, Lig Europa sezon k ap vini, se Real Betis (60 pwen) ak Villareal (64 pwen). Raple FC Seville ki sot pran 7èm tit li nan konpetisyon an fini 12èm nan Liga a ak 49 pwen.
4 ekip ki pral reprezante Espay nan Lig dè Chanpyon an
Pou sezon 2022-23 a, Real Madrid te sèl ekip ki te rive nan kadefinal kòm ekip espanyòl. Sezon ki pral vini la, Barcelone ki se chanpyon Liga a ak 88 pwen, pral jwe konpetisyon an. Real Madrid fini 2èm ak yon grenn pwen anplis Atletico Madrid (77 pwen), epi se Real Sociedad ki konplete top 4 la ak 71 pwen.
Facebook Comments