Pa twò lontan, tonbe damou oswa renmen yon fanm ki pi gran te tabou. Vrèmanvre, nou te kapab wè gason ak yon fanm oswa yon konpayon ki pi piti sa ki pa t konn choke pèsonn, men wè yon gason ak yon fanm ki pi gran te trè ra. Anplis de sa, lè sa te rive, moun te konn gade yo mal oswa yo te konn pale yo mal, sitou bò lakay pa nou an Ayiti.
Men sepandan, tank tan ap pase yon bagay enteresan vin rive. Fim ak emisyon televizyon te kòmanse montre koup kote mesye yo te pi piti pase fi yo, mete sou sa, atis « Hollywood » yo te kòmanse plis ouvè sou relasyon amourez yo, kote fanm yo pa kenbe sekrè relasyon yo ak konpayon yo ki pi piti pase yo, epi gason yo fyè pou yo montre yo ansanm ak yon fanm ki pi gran pase yo.
Men, malgre tout sa yo kòmantè yo ak kritik yo pa sispann. Vreman vre, li toujou difisil pou aksepte nouvo nòmalite sila a. Pa egzanp, bò kote pa nou gen yon koup atis ki ap resevwa anpil kritik paske fi a pi gran pase gason an. Yon moun pa ka bliye tout kòmantè negatif Blondedy Ferdinand resevwa paske li nan yon relasyon ak chantè D-Perfect, ki pi jèn pase l nan laj.
Ki sa ou ta dwe atann lè ou renmen ak yon fanm ki pi gran ?
Lè yon gason nan yon relasyon ak yon fanm ki pi gran pase l, li ta dwe atann ak tout kalite kritik, ladan yo:
- – » Se pou kras li avè l »
- – » E tèt fanm sa l ap kale »
- -« Li renmen ak fanm sa paske li gen lajan »
- – » Rezidans li l ap defann »
- – « Li renmen fanm ki pi gran, huh? »
- -« Èske li gen timoun ? »
- – « Li dwe rich pou l soti ak yon timoun tankou l ‘! »
- -« Li gen chans pou li ak yon fanm ki gen plis eksperyans. »
- -« Mwen mande si relasyon sa ap dire akoz diferans laj yo. »
- -« Èske li pa santi li jennen pou li renmen ak yon moun ki pi piti pase li? »
- – « Li ap chèche yon manman se sak fè li renmen ak yon fanm ki pi gran pase l. »
Kritik sou laj: Gen kèk moun ki ka kritike diferans laj ant de moun yo, yo konn di laj la twò gwo epi li pa apwopriye pou yon gason ki pi piti al renmen ak yon fanm ki pi gran.
Kritik sou Matirite: Gen moun ki ka kesyone matirite gason an, yo ka ap di li twò jèn epi li pa gen matirite pou l kapab jere yon relasyon ak yon fanm ki pi gran.
Kritik sou motivasyon: Gen kèk moun ki ka di gason an renmen ak fanm ki pi gran sèlman pou rezon materyèl oswa pou jwenn kèk rekonesans sosyal, olye pou rezon amoure.
Kritik sou estabilite: Gen kèk kap di relasyon an pa estab oswa li pap dire lontan akòz diferans laj ak diferans nan lavi yo.
Tout kritik sa yo konn gen gwo efè sou gason sa oswa sou relasyon an. Men n ap note, efè kritik sa yo ka varye tou depan de moun nan. Men sepandan, gen kèk gason ki konn afekte pa kritik negatif sa yo, menm jan tou konn gen lòt
ki chwazi inyore yo oswa itilize li kòm motivasyon pou ranfòse relasyon yo.
Kèk efè potansyèl kritik sou yon gason ki renmen ak yon fanm ki pi gran pase l:
-Santiman wont: Kritik yo ka mennen yon santiman wont lakay gason an, sa ka fè li santi li wont paske li renmen ak yon fanm ki pi gran pase l, epi gason sa ka pè jijman nan men lòt moun.
–Ensekirite: Kritik sa yo ka mennen tou nan ensekirite lakay gason an, sa ki ka pouse l ap mande tèt li eske li gen ase matirite pou li jere fanm sa ki pi gran pase l la.
–Ranfòse relasyon an: Kritik yo ka ranfòse relasyon an tou, fè li pi fò epi ede de patnè yo vin pi pwòch. Solidarite an fas kritik ka ranfòse lyen ant de patnè yo.
–Fristrasyon: Kritik yo ka mennen tou nan fristrasyon lakay gason an.
Donk, èske tonbe damou oswa renmen ak yon yon fanm ki pi gran se kle bonè a ?
Pa gen okenn repons inivèsèl ak kesyon sila a, piske tout moun gen diferan dezi, bezwen ak preferans lè yo rive nan yon relasyon oswa lè yo amoure. Sepandan, tonbe renmen yon fanm ki pi gran ka yon eksperyans ki rich anpil epi ki pozitif pou kèk moun.
Donk, tonbe renmen yon fanm ki pi gran pa nesesèman garanti bonè, men li ka pote benefis enteresan ak opòtinite nan yon relasyon amoure.
Premyèman, yon fanm ki pi gran ka gen plis eksperyans lavi, sa ki ka pote yon pèspektiv diferan ak rekonpans nan relasyon an. Li ka gen plis konesans sou relasyon, kominikasyon, aspirasyon pwofesyonèl ak pèsonèl, epi li kapab bay plis bon konprann ak sipò pou gason sa ki pi piti a.
Fanm ki pi gran yo ka pote matirite ak bon konprann nan yon relasyon, epi ak yon gwo eskeryans nan lavi gason sa a. Yo kapab tou gen plis konfyans, pi endepandan, ak otonòm, sa ki ka trè atiran pou kèk gason.
Mete sou sa, yon fanm ki pi gran ka pi alèz ak pwòp seksyalite li epi li ka gen plis konfyans ak ekspresyon nan relasyon amoure li. Sa ka ajoute yon dimansyon siplemantè nan lavi sèks koup la.
Sepandan, li enpòtan pou nou sonje, siksè ak kontantman nan yon relasyon amoure depann de anpil faktè, tankou konpatibilite, kominikasyon, konfyans, respè mityèl, ak sipò. Diferans laj la kapab yon gwo faktè nan relasyon an, men se pa sèlman bagay pou konsidere. Li enpòtan pou tou de patnè yo sou menm paj la an tèm de objektif yo, valè, ak pespektiv yo sou lavi a pou relasyon an ka ranpli epi dire lontan.
Facebook Comments