Nan kad eliminatwa mondyal 2022 a kote seleksyon ayisyèn lan t ap resevwa nan estad Syvio Cator ekip Beliz la jodi jedi 25 mas 2021 an, yon match ki fini 2 gòl a zewo an favè Ayiti.
2 gól sa yo te rive fèt nan 51 nyèm minit gras ak Ricardo Ade epi Steven Séance ki te make nan 81 minit.
Avèk viktwa sa, seleksyon ayisyèn lan rive fè a,li rive fè 6 pwen nan gwoup E li ye,nan kad eliminatwa mondyal k ap òganize nan peyi Kata nan lane 2022.
N ap raple, se premye match nouvo antrenè seleksyon ayisyèn Jean Jacques Pierre, kise ansyen jwè e kapitèn Seleksyon nasyonal la, Yon premye match,yon premye viktwa.
NAK-MEDIA