Pou reponn ak demann gouvènman ayisyen an sou entèvansyon yon fòs militè miltinasyonal an Ayiti pou konbat ensekirite an, Etazini ta ap fè presyon sou gouvènman kanadyen an pou pran tèt misyon sa.
Dosye sa ki bloke nan kominote entènasyonal la, prensipalman nan Nasyonzini, poko prè pou abouti ak yon bon rezolisyon sou ki mòd entèvansyon kominote entènasyonal la kapab fè pou ede Ayiti rezoud kriz ensekirite an.
Daprè jounal ameriken Miami Herald, Washington ta kontinye ap fè presyon sou dirijan Ottawa yo pou pran tèt yon misyon miltinasyonal k ap gen pou fè entèvansyon an Ayiti, pou vin konbat gwoup ame yo epi rezoud pwoblèm ensekirite an k ap taye banda nan peyi an.
Malgre vizit sou vizit plizyè gwo kad nan administrasyon amerikèn lan nan peyi Kanada, otorite kanadyen yo toujou pa manifeste enterè pou ta patisipe oubyen pran tèt yon fòs entèvansyon miltinasyonal an Ayiti.
Toutfwa, responsab ameriken yo espere Ottawa ap kapab chanje lide pou finalman aksepte pran tèt misyon sa avan menm vizit Prezidan Biden lan ki prevwa fèt nan dat 23 pou rive 24 mas k ap vini la.
Facebook Comments