Etazini pa ekate posiblite pou ta gen entèvansyon yon fòs entènasyonal an Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : AFP

Nan rezolisyon k ap prepare pou depoze devan konsèy sekirite Nasyonzini an jounen lendi 26 septanm 2022 an ki vize tabli yon kad pou sanksyone chèf gang yo an Ayiti, Etazini pa ta ekate lide pou ta gen entèvansyon yon fòs entènasyonal nan peyi a ki plonje nan yon kriz san parèy. 

Nan yon entèvyou li bay jounal ameriken Miami Herald, sousekretè deta afè emisfè oksidantal la, Brian A. Nichols, deklare jounen vandredi 23 septanm 2022 a administrasyon Biden la ap tann avèk enpasyans adopsyon rezolisyon sa nan jou k ap vini yo ki vize sankyone chèf gang yo an Ayiti ak tout moun k ap soutni yo nan aktivite kriminèl sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Brian A. Nichols, rezolisyon sa ap kreye yon kad pou Nasyonzini kapab enpoze gwo sanksyon ki vize resous finansye ak kapasite pou vwayaje chèf gang sa yo, moun k ap soutni yo, finanse epi fasilite aktivite kriminèl yo nan peyi a. 

Konsènan vini yon fòs entènasyonal sou teritwa ayisyen an, sousekretè deta ameriken an kwè si gouvènman ayisyen an mande èd sa, kominote entènasyonal la ap egzamine san dout demand sa. Brian Nichols egalman presize pou kounya pa gen okenn diskisyon sou yon repons ak sitiyasyon an Ayiti a pou ta gen yon fòs polis entènasyonal nan peyi a pou fè fas ak sitiyasyon sa Ayiti ap konnen depi kèk tan. 

Pou yon fòs miltinasyonal ta tounen nan peyi a, Ayiti gen nesesite soumèt li ak tout dispozisyon Chapit 7 Nasyonzini an ki pèmèt Konsèy sekirite a deplwaye fòs entènasyonal nan kad misyon lapè nan peyi an difikilte yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.