Trafik Zam Ilegal : Lapolis mete anba kòd 2 manm komite legliz Episkopal an Ayiti 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Haiti Libre

Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) pwosede ak 2 nouvo arestasyon nan sen manm komite legliz Episkopal an Ayiti a, ayè vandredi 23 septanm lan, nan katye jeneral dyosezan Legliz la, nan ri Rigo, komin Petyonvil. Kabinè Mèt madistin an ki ap defann kòz legliz Episkopal la, pa monte abò arestasyon sa. 

Ajan DCPJ yo te anvayi biwo legliz la nan sousi pou yo te arete  epi mennen reponn kesyon lajistis prezidan pèmanan Legliz Episkopal Ayiti a, pè Jean Mardoché Vil. Nan ankèt kap mennen pou derasinen sibvansyonè zam ilegal sou non legliz Episkopal Dayiti a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Komisè Pòtoprens lan Jacques Lafontant te bay lòd pou te arete Prezidan an, malerezman ki pat prezan nan biwo a. 2 lòt manm komite a ki te la ( 2 fanm) jwenn arestasyon yo, pami yo Marmionne Saint Germain, ki se mesaje EEH. 

Aprè DCPJ te fin emèt manda pou mennen reponn kesyon lajistis, prezidan legliz Episkopal la, kabinè Mèt Madistin an te voye yon korespondans bay komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant. Pou reklame yon soulajman sou nenpòt manda ki vize kliyan li a, Pè Jean Mardoché Vil, nan menm korespondans sa a, li mande pou yo pèmèt jij la ki sou ankèt la fè travay li san pyès entèferans.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.