Etidyan Whenchel R. Jeanty jwenn liberasyon aprè 8 jou anba men kidnapè

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
etidyan whenchel r. jeanty jwenn liberasyon aprè 8 jou anba men kidnapè

Yon nouvèl ki bay anpil soulajman pa bò kote fanmi ak zanmi viktim nan. Whenchel Chéry Ribel Jeanty, etidyan Leta bandi te kidnape dimanch 26 fevriye pase a nan zòn Delma, resi jwenn liberasyon l, se sa nou aprann. Aprè 8 jou anba men sila ki te kidnape l yo, li resi rantre al jwenn fanmi l aprè 8 jou.

Daprè yon frè viktim nan, li rive jwenn liberasyon kont ranson, toutfwa l pa presize kantite kòb yo lonje bay malfektè yo. N ap raple, otè zak yo te mande fanmi an 200 mil dola vèt pou sa te rive fèt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Swit ak liberasyon Whenchel C. R. Jeanty, li pran swen pou remèsye tout moun ki t ap sipòte yo nan moman difisil sa a, aprè kidnapè yo te mete lapat sou jenn inivèsitè a nan moman l t ap rantre lakay li, zòn Delma.

Aprè ekzijans kòb kriminèl yo te fè pa bò kote fanmi an, n ap raple plizyè dizèn kamarad Whenchel Chéry Ribel Jeanty ki nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik epi INAGHEI, pami kèk lòt sipòte, te pran lari mèkredi 1ye mas pase a nan Pòtoprens pou te mande liberasyon l. Menmsi se pou lajan, erezman Whenchel libere ayè dimanch swa a, epi rejwenn pwòch li yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.