Lekòl yo kontinye ap fèmen pòt yo akoz pwoblèm ensekirite a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lekòl yo kontinye ap fèmen pòt yo akoz pwoblèm ensekirite a

Depi kèk tan peyi a ap fè fas ak yon pwoblèm ensekirite ki san parèy, kote zak kidnapin yo pa sispann vale teren, sa ki pouse plizyè lekòl nan zòn metwopolitèn Potoprens lan oblije fèmen pòt yo. Se ka lekòl Sainte-Rose de Lima (Mè Lali), entitisyon Sacré-Coeur, kolèj Roger Anglade elatriye….

Pou kèk nan lekòl sa yo, mo yo san fòs pou dekri  dezè peyi a ap travèse  kounye a. Yo deplore klima ensekirite sa a, ki kontinye ap pran teren, kote pèsonn pa epanye. Kote Gouvènman Ayisyen an derefize pran responsablite l an men pou tout moun ka mache lib nan peyi a, san okenn krentif pou yo pa kidnape yo oswa yon lòt bagay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, entitisyon sa yo te pran desizyon pou kontinye fè kou yo an liy yon faosn pou yo kapab pwoteje elèv lekòl sa yo, kote kèk nan yo deja sibi zak kidnapin nan peyi a.

Se ka, kolèj Roger Anglade, lekòl Sainte Rose de Lima(Mè Lali), CFC, entitisyon Sacré-Coeur elatriye.. Vrèman vre, lekol sa yo mande paran elèv yo pou yo kenbe timoun yo lakay yo depi lendi 6 mas 2023 sa a, pou yon dat yo pa konnen, akoz zak kidnapin nan k ap miltipliye nan peyi a chak jou pi plis.

N ap raple, Ka kidnapin yo nan peyi a, pa sispanm miltipliye chak jou k ap pase. Nan kapital ayisyen an, rezidan yo pa ka deplase lib akoz yo pè pou yo pa viktim, swa pou yo pa kidnape yo, oswa pou yo pa mouri, yon sitiyasyon ki fè pifò sitwayen yo pè mache nan lari. Machann yo, pwofesyonèl nan tout domèn, timoun lekòl ak etidyan yo se sèl sib kidnapè yo, ki mande gwo sòm nan men fanmi yo pou yo lage yo, lè yo kidnape yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.