Fè bagay souvan ka fè w parèt 10 fwa pi jèn pase yon moun ki pa regilye

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
fè bagay souvan ka fè w parèt 10 fwa pi jèn pase yon moun ki pa regilye

Yon etid Doktè David Weeks ki nan Royal Edinburgh Hospital reyalize demontre yon moun ki fè bagay pou pi piti twa fwa pa semèn kapab parèt 10 fwa pi jèn pase yon moun ki pa gen de rapò seksyèl regilye. Daprè Saga Magazine, etid sa reyalize sou plis pase 500 moun ki genyen ant 18 a 102 lane.

Dènye avanse syantifik yo montre fè bagay pa sèlman yon pati plezi, ni inikman yon mwayen pou fè pitit. Doktè Weeks montre nan rechèch li an, rapò seksyèl lakay fanm yo kontribye nan deklannche pwodiksyon yon òmòn kwasans ki kapab ede yon moun konsève aparans li jèn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pami divès byenfè rapò seksyèl regilye yo kapab pote nan lavi nou menm ki moun, se yon aktivite ki ranfòse oksijèn nan kò nou, fasilite sikilasyon nitriman yo nan po nou. Anplis, fè bagay souvan kapab yon bon ensitasyon pou pran swen aparans nou epi rete anfòm.

Estimasyon sou kantite kalori ki boule pandan rapò seksyèl yo varye, daprè sa etid yo montre, pandan yo presize fè bagay la kapab konsidere tankou yon seyans antrènman ki kapab ogmante rit kadyak epi ponpe oksijèn nan kò nou. « Alabaz, fè bagay se yon egzèsis ki bon pou tout moun », eksplikasyon sikoterapet seksyèl Paula Hall nan Relate.

« Sa ede tou chimikman ak sikolojikman nan kenbe relasyon yo vivan. Fè bagay pwodui ositosin, yon pwodui chimik ki lye ak lyen ki egziste ant moun ki nan relasyon santimantal nan kreye gwo santiman afeksyon antre yo », rapouswiv espesyalis nan sante seksyèl la, Paula Hall.

Genyen de rapò seksyèl souvan kapab pèmèt po w vin pi fen, akselere gerizon po atravè ositosin ak andòfin l ap libere nan kò nou yo. Li kapab rann po w vin pi bèl nan ede san sikile pi byen nan kò w epi anpeche rid ak mak vyeyès. Fè bagay souvan kapab ede w kouri dèyè estrès epi mete lajwa nan kè w. Li kapab amelyore sante cheve w nan ogmante nivo estrojèn yo. Pou fini, fè bagay souvan kapab ede w gen plis konfyans nan tèt ou epi fè w santi w pi motive. Se 6 fason fè bagay souvan kapab ede yon moun parèt pi jèn daprè ajans medikal espesyalize MedicineNet.

Fè bagay toutan nou kapab mesyedam, pandan n ap pwoteje tèt nou!

Sous : _ https://www.medicinenet.com/how_does_sex_make_you_younger/article.htm

_ https://www.saga.co.uk/magazine/relationships/love-sex/how-sex-makes-you-look-and-feel-better#:~:text=People%20who%20have%20sex%20at,of%20the%20Royal%20Edinburgh%20Hospital

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.