Fen ekspòtasyon mango ayisyen nan peyi Etazini

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
fen ekspòtasyon mango ayisyen nan peyi etazini 

Sitiyasyon sekirite ki vin pi grav nan peyi a  ap peze pi plis chak jou kap pase.  Se sak fè, Sèvis Enspeksyon Sante Animal ak Plant (APHIS) nan Etazini  anonse, nan yon lèt ki adrese  ak Prezidan Asosyasyon Nasyonal Ekspòtè Mango (ANEM), Ralph Perry, nan fen pwogram prekontwòl  mango a, pwogram sa a ki vize ekspòte pwodwi sa a nan peyi Etazini. 

« Dapre konvèsasyon telefòn nou an 13 oktòb 2022, lèt sa a gen pou l fè ANEM konnen APHIS pral fèmen pwogram prekontwòl  mango an Ayiti nan fen mwa janvye 2023 », te ekri APHIS, nan korespondans sa a, ki presize desizyon sa a te pran akòz deteryorasyon klima sekirite peyi a,  epi li fè konnen tou desizyon sa a swiv tou anons Anbasad Etazini  nan Pòtoprens  ki te dekouraje sitwayen Ameriken pou yo vwayaje ann Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« N ap pran desizyon  sa a akoz defi ki vin pi grav ann Ayiti ki rann li enposib. Pou enspektè APHIS nou yo travay san danje.  Desizyon sa a konfòm ak enfòmasyon nou te resevwa nan men Anbasad Etazini nan Pòtoprens », te fè konnen APHIS nan lèt sa a, avan li te kontinye pou li di  sekirite anplwaye  li yo se pi gwo enkyetid yo.  

Yon lòt bò, APHIS di pwogram sila ap rekòmanse lè gen yon ale mye nan klima sekirite peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.