FIFA anonse mondyal klèb yo ap fèt nan peyi Mawòk  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fifa anonse mondyal klèb yo ap fèt nan peyi mawòk  

Se sou rezo sosyal yo FIFA anonse jodi vandredi a, mondyal klèb yo ap gen pou jwe nan peyi Mawòk. Soti 1e pou rive 11 fevriye 2023. Yon nouvèl ki fè  kè mawoken yo kontan, pou jan yo t ap pwofite mondyal la nan peyi Kata.  

Tout klèb ki te rive chanpyon nan kontinan yo, gen randevou pou yo al toke kòn yo nan peyi Mawòk pou mondyal klèb la nan mwa fevriye k ap vini la, se sa FIFA anonse sou rezo sosyal yo jodi vandredi a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lyon Atlas yo ap fè pale anpil de yo nan peyi Kata pou 22e edisyon mondyal sa. Yo make istwa edisyon sa. Peyi Mawòk vin yon peyi anpil moun ta renmen dekouvri, fòk nou di se yon peyi ki konn resevwa anpil touris chak ane sitou nan bèl vil sa yo genyen an ki rele Marrakech.  

Se sou kont Twitter FIFIA enfòmasyon an konfime, klèb tankou Real Madrid, Flamengo ap nan peyi Mawòk pou al defann tit mondyal klèb la soti 1e pou rive 11 fevriye 2023.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article