Final Lig dè Chanpyon an kapab fèt nan vil Lisbonne

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
final lig dè chanpyon an kapab fèt nan vil lisbonne

Pou kèk rezon politik nan peyi Latiki, kote final Lig dè Chanpyon an ta sipoze jwe sezon sa, nan vil Istanbul, UEFA ap chache yon lòt solisyon, sa ki fè y ap negosye ak otorite nan vil Lisbonne yo pou si toutfwa eleksyon prezidansyèl la ta gen gwo tansyon ladan l.

Avan eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Latiki, UEFA gen gwo enkyetid pou final Lig dè Chanpyon an ki ta sipoze fèt nan vil Istanbul sezon sa. Si eleksyon an ta vire bagay yo, li posib pou final Koup gwo zoréy la fèt nan vil Lisbonne.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dirijan UEFA yo tanmen demach bò kote otorite vil Lisbonne yo, yon fason pou si eleksyon prezidansyèl la ta gen twoub ak lòt pwoblèm yo p ap ka jere, y ap oblije delokalize final la nan vil Lisbonne.

Konpetisyon an ki nan nivo demi final, ap tann 2 ekip k ap pase faz sa pou gran final. Si Inter Milan gentan gen yon pye l nan final la, men anyen poko di pou Manchester City ak Real Madrid. Kalifikasyon 2 ekip sa yo pral jwe nan Etihad Stadium nan, yon final avan lè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive