Aprè defèt AS Roma nan Europa Lig la fas FC Seville (1-1,ap), Fiorentina tonbe devan West Ham (2-1). Siksè klèb espanyòl la te pemèt li pran 7èm tit li nan konpetisyon an, epi pou West Ham se 2èm tit li an Ewòp aprè 58 lane. Pou dènye final ewopeyen an, ki se Lig dè Chanpyon an, èske Inter ap 3èm klèb italyen k ap rate final konpetisyon ewopeyen sezon sa fas Manchester City, samdi 10 jen an?
AS Roma ak Fiorentina, 2 klèb italyen ki soti tèt bese nan final ewopeyen yo sezon sa fas FC Seville ak West Ham. Aprè 2 klèb italyen sa yo, Inter Milan pral batay pou l pa fè menm chemen an fas Manchester City nan estad Olympique Atatürk lan nan vil Istanbul, samdi 10 jen.
Pou sezon 2022-23 a, klèb italyen yo te prezan anpil sou sèn ewopeyen an, sa ki se yon bon agiman pou jistifye fòm ak nivo Serie A sezon sa, menm lè Napoli kraze chanpyona a. Serie A ki leve nivo a aprè anpil ane ap trennen. Klèb tankou Napoli, Milan AC, Inter Milan, AS Roma, Fiorentina, Lazio, te montre yo anfòm nan konpetisyon ewopeyen yo.
Samdi 10 jen se pral yon lòt final. Yon final k ap mete bab pou bab Manchester City ki sou wout pou yon triple istorik aprè tit Premier League la ak FA Cup la fas Inter Milan ki sot ranpòte koup Itali a. Inter Milan ap 3èm klèb italyen k ap rate oubyen sèl klèb italyen k ap pran tit ewopeyen an sezon sa? Repons lan, se samdi 10 jen nan estad Olympique Atatürk lan.
Facebook Comments