Arestasyon yon pastè ki ofri yon jij kòb pou libere yon fidèl li ki akize vyòl sou timoun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
arestasyon yon pastè ki ofri yon jij kòb pou libere yon fidèl li ki akize vyòl sou timoun

Nan depatman Latibonit, pi presizeman nan vil Gonayiv, yon pastè pran kòd nan kòmansman semèn lan aprè l te fin eseye achte liberasyon yon fidèl li ki nan prizon pa bò kote yon majistra.

Rolen Monpremier, se non nonm Bondye sila a ki te tante grese men jij Guimy Thélot nan Gonayiv, an echanj li t ap libere Arnoux Gaspard, ki gen akizasyon vyòl sou timoun sou do li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pastè a ofri jij Guimy Thélot 25 mil 500 goud nan lide pou li te ka pèmèt fidèl li a jwenn liberasyon l. Swit ak aksyon sila, jij la òdone fòs lòd ki te sou plas yo pou mare anba kòd pastè legliz la.

Pou kounya tou lè 2 konsène yo anba men Lapolis. Kanta pastè Guimy Thélot l ap tann lajistis nan vil Gonayiv panche sou ka li a ki fè anpil eskandal nan Site endepandans lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.