Fon Mondyal pou Edikasyon bay sektè edikasyon ayisyen an 11,8 milyon dola ameriken 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
fon mondyal pou edikasyon bay sektè edikasyon ayisyen an 11,8 milyon dola ameriken 

Fon Global pou Edikasyon an bay sektè edikasyon ayisyen an 11,8 milyon dola ameriken.  Pwogram sa a ki rele « Edikasyon pa ka tann » (oubyen Education Cannot wait an anglè) pral pèmèt 20,000 timoun, tigason ak tifi nan 35 minisipalite benefisye yon bon edikasyon ak sipò sikolojik. Se minis Manigat  anonse nouvè l la Mèkredi 30 novanm 2022 a. 

Ministè Edikasyon Nasyonal anonse yon nouvo pwogram Global Education Fund, UNICEF ak World Food Program (WFP) finanse ki pral kouri pou 10 lane. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ak pwogram sa a, ki rele « Edikasyon pa ka tann », timoun ki pi pòv yo oswa timoun ki gen mobilite redwi yo pral gen garanti y ap  resevwa  bon jan edikasyon, dapre Bruno Maes, reprezantan Unicef la an Ayiti. 

Nan sans sa a, Detantè Ministè Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, pwofite prezante remèsiman li pou fon sa a ki fèt pou edikasyon moun ki pi vilnerab nan peyi a. 

Yon lòt bò, nou dwe sonje nan kad pwogram sa a, yon montan 1.5 milyon dola ameriken destine pou akizisyon materyèl ak founiti lekòl pou 1,400 timoun lekòl ak twous ijyèn, daprè sa minis Edikasyon an Nesmy  Manigat fè konnen. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.