Fondènèg anonse 3 gwo jounen mobilizasyon kont pouvwa anplas la apati jodi lendi a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Ayiti Lokal

Nan depatman Nip, pi presizeman zòn Fondènèg, plizyè sitwayen anonse 3 gwo jounen mobilizasyon apati jodi lendi 5 septanm lan pou denonse pouvwa anplas la ki rete bèkèkè devan sitiyasyon peyi a k ap deteryore chak jou. 

Jodi lendi 5 lan, madi 6 epi mèkredi 7 septanm k ap vini la, òganizatè yo konte pran lari akòz lavi chè a k ap vale teren, ensekirite a ki tabli kò l tout kote epi gaz ki pa genyen sou teritwa depi plizyè mwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwotestatè yo, ki konte manifeste pou mande otorite yo ki nan Leta pran responsablite yo pou sa pa pi grav, ap sòti nan plizyè zòn pou rasanble « Pèmèl » depi 10 zè nan maten, y ap manifeste pou al bout nan santvil Fondènèg. Yo anonse anpil koulè pou jounen mobilizasyon sila yo. 

N ap raple, genyen anpil mobilizasyon ki prevwa fèt nan tout rakwen peyi a apati 7 septanm k ap vini la, sou apèl ansyen senatè Nò a Moïse Jean Charles. Lidè Pitit Desalin nan konte pran lari ak patizan l yo pou rele chalbare dèyè bank yo ki kenbe dola an otaj epi lakòz goud la ap pèdi valè l. Mòy ap tou pwofite pase pran Premye minis defakto Ariel Henry nan lis revandikasyon l yo ; ensekirite a k ap fè raj epi ratman gaz la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.