Claude Joseph bay Ariel Henry ak plizyè lòt dirijan katon wouj 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Ted'Actu

Samdi 4 septanm pase a, yon gwo rasanbleman te tanmen nan otèl Karibe, kote ansyen Chanselye ayisyen ak ansyen Premye minis Claude Joseph te lanse pwòp pati politik li “Engagés pour le Développement” (EDE). 

Nan prezans plizyè santèn moun – fanm kou gason ki sòti nan tout rakwen peyi a, sitou lajenès – Claude Joseph te pwofite mete deyò nan jwèt la ak yon katon wouj plizyè dirijan ki sou sèn politik la, pami yo aktyèl Premye minis peyi a Ariel Henry, li pa janm sispann lonje dwèt sou li byen long nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 7 jiyè 2021 pase a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li te denonse politisyen ki konn abitye deklare bay jenès la « barikad yo se avni yo », ak tout moun ki prefere chimen tranzisyon pou yo kapab pran pouvwa olye yo ale nan eleksyon.  

“Ti Claude” pat rate okazyon pou te manyen manm « bandi legal » yo, daprè li menm ki la sèlman pou bay gang yo gwo zam fann fwa ak lajan pou destabilize peyi a. 

Ansyen diplomat la rete kwè li lè li tan pou Ayiti sòti kò l nan fè nwè l ye jounen jodiya akòz divès manb nan klas politik la, li prezante yo tankou gadyen “sistèm nan”. Li bay yo tout katon wouj. 

N ap raple lansman pati EDE te fèt anba tèm « Sitwayen reveye w ann pale pou chanjman » nan lide pou jenès la kapab pran desten li an men paske avni l pa nan boule kawoutchou ak bloke lari. 

Anpil moun deja ap poze kesyon sou Claude Joseph. Yo deklare lè li te nan tèt gouvènman PHTK dezyèm vèsyon an ak Jovenel Moïse, li pa t regle anyen pou jenès la ak peyi a, èske se jounen jodi a li santi l kapab EDE pèp ayisyen an sòti kò l nan sal ye jounen jodiya ? 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.