Frank Lampard mal demare pou retou li an nan Chelsea

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
frank lampard mal demare pou retou li an nan chelsea

Move sezon Chelsea an ap rapouswiv malgre rive Frank Lampard nan tèt ekip la kòm antrenè ki ranplase pandan mitan semèn lan Graham Potter ki pa t ka bay bon jan rezilta.

Nan okazyon 30èm jounen Premier League la, klèb londonyen an konnen yon lòt move rezilta kote yo tonbe (0-1) sou tèren Wolverhampton ki t ap resevwa yo nan Molineux Stadium lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Frank Lampard ki retounen nan tèt ekip Chelsea an sa gen anviwon twa jou, konnen yon move rezilta pou premye match li an sou ban Blues yo ki pèdi sou yon gòl Matheus Nunes ta pral ba yo nan 31èm minit.

« N ap travay isi an depi youn oubyen de jou, nou dwe konprann sa k ap pase an ak nan ki eta espri ekip lan ye. Gen anpil chanjman e se pa yon eskiz, men bagay yo dwe amelyore e mw panse pèfòmans sa rezime sitiyasyon an », deklarasyon nouvo antrenè Chelsea an aprè match la.

Aprè 30 jounen chanpyona, Blues yo twouve yo kole nan 11èm plas klasman Premier League la ki gen Arsenal ak Manchester kòm de prensipal ekip k ap domine l yo. Avèk defèt sa, Chelsea anrejistre yon katriyèm match youn aprè lòt san genyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.