Frantzdy Pierrot ak Maccabi Haifa sakre chanpyon nan peyi Izrayèl

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
frantzdy pierrot ak maccabi haifa sakre chanpyon nan peyi izrayèl

Maccabi Haifa ranpòte Premier League izrayelyen an pou sezon 2022-2023 a aprè viktwa yo jodi lendi 15 me a (5-1) nan faz Playoff la kont Maccabi Netanya.

Atakan ayisyen an ki enskri yon gòl epi reyalize de (2) desizif nan laj viktwa sa jodi lendi an kont advèsè yo Maccabi Netanya, sakre chanpyon nan premye divizyon izrayelyen an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Maccabi Haifa ki te sèlman bezwen yon viktwa pou ranpòte Premier League izrayelyen an sezon sa, kraze Maccabi Netanya pou genyen yon 15èm tit nan chanpyona a.

Atakan ayisyen an k ap jwe premye sezon l nan peyi Izrayèl depi lè li kite Ligue a nan peyi Lafrans, ranpòte premye tit li avèk Maccabi Haifa k ap domine chanpyona izrayelyen an.

Frantzdy Pierrot ki te detèminan nan faz preliminè Lig dè Chanpyon yo sezon sa, enskri yon total 11 gòl epi bay twa pas desizif nan chanpyona izrayelyen an, avèk prensipalman gwo pèfòmans sa jodi lendi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.