Lansman 4yèm edisyon pwogram “Ideathon Communautaire”

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
lansman 4yèm edisyon pwogram “ideathon communautaire”

Banj lanse jodi lendi 15 me 2023 a, 4èm edisyon pwogram ki rele “Ideathon Communautaire” lan. Yon pwogram ki vize ankouraje jèn nan peyi a vanse nan sektè inovasyon ak kreyativite antreprenarya.

Vrèman vre, pandan seremoni lansman pwogram lan jodi lendi 15 me 2023 a, fondatè Banj la, Marc Alain Boucicault, te eksplike pou l fè konnen pwogram sa pral fèt an konsè ak lòt chanm komès nan peyi a.

Pwogram sa ki gen yon finansman anviwon 1 milyon goud, jwenn sipò International Republican Institute ak National Endowment For Democracy ak sipò otorite lokal yo ak patnè nan sosyete sivil la.

Yon lòt bò, Marc Alain Boucicault te pwofite prezante yon evalyasyon ki bay satisfaksyon sou 3 dènye edisyon ki fèt nan peyi a, tout pandan li fè konnen pwogram sila a se pi gwo pwojè Banj pou lane 2023 a.

N ap raple, “Banj” se tradiksyon kreyòl mo “jeni”. Kit pou diskite, echanje, reflechi, kreye oswa inove, se yon espas travay ak rezo esansyèl nan Pòtoprens lan, kapital peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.