Frantzdy Pierrot pral fè premye pa l nan Champions League la ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
Foto : Nouvelis

Atakan Ayisyen k ap jwe nan Maccabi Haïfa a pral jwe premye match li nan Champions League nan karyè l. Aprè l te fin briye nan match baraj yo pou l ede ekip li kalifye, Pierrot pral jwe faz final pi gwo konpetisyon klèb ki genyen nan lemond. 

Frantzdy Pierrot te fini meyè bitè baraj Champions League 2022-2023 a avèk 5 gòl. Pou kounye a, se lè pou l al dekouvri konpetisyon an pou tout bon avèk Maccabi Haïfa, yon klèb ki soti nan peyi Izrayèl. Ekip sa tonbe nan gwoup H la kote l pral kontre kare kèk gwo zotobre tankou PSG, Juventus epi Benfica.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou premye match li, Pierrot ak patizan l yo pral jwe kont Benfica nan Estadio Da Luz la. Avan match, ansyen jwè En-avant Guingamp an make premye gòl li nan chanpyona Izrayèl la, yon gòl ki pèmèt ekip li bat nan fen match. Se tout peyi Dayiti ki pral kanpe dèyè Pierrot, se tout pèp la ki pral bay Grenadye a bourad nan jou sa ki enpòtan anpil nan karyè li. 

Nan tou baraj yo, pitit Okap la te oblije pouse kòn devan Olympiakos ak Etwal Wouj Belgrade, avèk yon double devan chak klèb sa yo, pou l te rache kalifikasyon pou ekip li. Sa te menm fè kèk gwo jounal tankou Marca, jounal ki chita kò l a Madrid, nan peyi Lespay, te fè kout je epi mete kout plim yo sou li. Pèfòmans li yo te enpòtan e yo te pote ekip Maccabi Haïfa a. 

Maccabi Haïfa te tann 12 lane avan l retounen nan Ligue des Champions an, e Pierrot te mete grenn wòch pa l nan konstriksyon sa. Jwè 27 lane a pral jwe pi gwo konpetisyon nan karyè l. Se pral katriyèm jwè ki jwe deja pou Ayiti ki pral jwe Champions League la aprè Wagneau Eloi, Réginald Goreux epi Wilde-Donald Guerrier. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.