Aprè yo fin pase yon semèn Ozetazini nan 3èm somè chèf polis peyi ki manb Nasyonzini yo, delegasyon lapolis la rantre Ayiti 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
Foto : PNH

Delegasyon Polis Nasyonal d Ayiti ki t al patisipe nan 3èm somè chèf polis peyi ki manb Nasyonzini yo (UNCOPS) rantre lakay yo aprè yo te fè prèske yon semèn Nouyòk, Ozetazini. 

Dimanch 4 septanm lan yo te rive ateri abò yon avyon nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a. Moun ki t ap dirije delegasyon sila pa lòt, se Frantz Elbé ki se Direktè jeneral a.i enstitisyon an. 

Depi 21 dawout pase, polisye sa yo te fè plizyè monte desann Kay Tonton Sam nan lide pou mande sipò pou ranfòse kapasite lapolis la : yon demann misye Elbé te fè devan Nasyonzini. 

Nan chita pale nimewo 1 lapolis la te fè nan 3èm somè UNCOPS la, li te chanje lapawòl avèk plizyè pèsonalite tou nan delegasyon Jadamri Wayal Kanada, li te pale ak Jeneral Ricardo Yanez ; ak chèf sèvis kesyon jidisyè ak penitansye Nasyonzini an M. Robert Pulver ; sou Sekretè jeneral nan eta de dwa ak enstitisyon ki chaje pou sekirite yo M. Alexandre Zouev, epi Anbasadè Ayiti ki nan Nouyòk la, Ekselans Antonio Rodrigue, elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.