Nouvèl la konfime byen bonè maten 15 avril 2023 a, nèg ak zam yo pa rive idantifye sasinen anba bal, Carl Henry anpil moun konnen sou non H Taliban, ayè vandredi 14 avril 2023 a nan zòn Dèlma 33, yon jenn Freestyler anpil moun abitye ak li sitou nan anbyans rap san plim ak kaye ki toujou fèt nan Sky FM ak kèk lòt baz ankò.
Li se manm aktif yon baz atis ki pote non Team Kolabo, atis la ranpòte divès prim nan sa ki gen awè ak freestyle epi li kolabore ak plizyè gwo atis nan HMI la. Youn nan mizik li kolabore ki fè siksè se « Melodi » ansanm ak JJ4.45, Bourik Latalay poun site sa yo sèlman.
Atis Dimilòm ansanm ak Vanou ki se 2 prensipal kòkòday H Taliban, pat ka kenbe kriye aprè nouvèl lanmò a, ekip redaksyon an te kontakte yo sou paj ofisyèl yo, yo te konfime se bandi ak zam ki sasinen atis la.
Machin ensekirite a pa sispann kase kou pitit tè a, pyès sektè, pyès moun pa epanye, H Taliban, jan tout moun konnen l lan se yon nonm ki saj epi ki pa janm nan brimad ak moun, daprè presizyon akolit li yo Dimilòm ak atis Vanou.
Facebook Comments