Gouvènman Ariel Henry an lanse yon lòt pwogram apezman sosyal

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gouvènman ariel henry an lanse yon lòt pwogram apezman sosyal

Gras ak sipò finansye Fon monetè entènasyonal (FMI), gouvènman Ariel Henry an lanse yon nouvo pwogram apezman sosyal kote pou pi piti 21 milya goud pral gen pou distribiye ak fanmi ki pi vilnerab yo.

Nan rezidans ofisyèl Premye minis lan, nan Miso, Chèf gouvènman an lanse jedi 13 avril ki sot pase a nouvo pwogram apezman sa ki pral gen pou ede fanmi ki pi vilnerab yo nan 7 depatman pwogram sa sible yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fanmi yo ki pral gen pou benefisye nan kad pwogram sa ap resevwa yon pati nan lajan sa k ap gen pou distribiye sou yon peryòd 6 mwa daprè sa Chèf gouvènman an fè konnen pandan seremoni lansman pwogram sa.

Yon bon pati nan 21 milya 600 milyon goud finansman pwogram sa sòti nan Fon monetè entènasyonal, ki pou kont li, bay gouvènman ayisyen an 15 milya goud pou mete sou pye pwogram sa.

N ap raple, gouvènman ayisyen an te deja mete sou pye yon pwogram plizyè milyon goud pou te soutni ouvriye faktori yo aprè ogmantasyon pri pwodui petwolye yo nan ponp yo ki pa t san konsekans sou lavi moun nan peyi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.