Gabriel Calderón Pelligrino, nouvo antrenè seleksyon nasyonal ayisyèn lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gabriel calderón pelligrino, nouvo antrenè seleksyon nasyonal ayisyèn lan

Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) anonse jodi lendi premye me 2023 a Gabriel Calderón Pelligrino se nouvo antrenè seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki ranplase Jean Jacques Pierre ki gen kontra l bout ayè dimanch lan.

Gabriel Calderón Pelligrino ki se konseye teknik nan Federasyon ayisyèn foutbòl la, pral gen pou asire enterim nan seleksyon nasyonal la daprè sa responsab FHF yo fè konnen nan moman yo t ap anonse fen kontra Jean Jacques Pierre an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki ofisyalize rive mesye Calderón nan tèt seleksyon nasyonal la, FHF prezante nouvo antrenè Grenadye yo kòm yon moun ki konnen seleksyon an deja epi ki chaje eksperyans, prensipalman pasaj la nan ekip espanyòl tankou Real Betis, Leganes ak Getafe.

Avèk nouvo antrenè sa, seleksyon nasyonal la pral gen pou patisipe pandan ete a nan pwochen edisyon Gold Cup la k ap gen pou òganize nan peyi Etazini, Meksik ak Kanada.

N ap raple, pandan de dènye ane sa yo, seleksyon an te nan men Jean Jacques Pierre ki gen kontra l bout ayè dimanch 30 avril la kote li te gen chans dirije 19 match avèk Grenadye yo pou yon bilan 12 viktwa, 6 defèt epi yon match nil.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.