Gabriel Jesus te jwenn premye titilarizasyon l nan Mondyal 2022 a nan match ki te opoze Brezil ak Kamewoun (0-1). Atakan Brezilyen an blese e l p ap ka jwe rès konpetisyon an. Se menm kout baton an pou Alex Telles
Enfimri seleksyon Brezilyèn nan ap gwosi jou aprè jou. Aprè Neymar, Dañilo epi Alex Sandro, se Gabriel Jesus ak Alex Telles ki rejwenn blese yo pou ekip Brezil la. Avannsant Arsenal la ak lateral goch Séville la menm fòfè pou tout rès konpetisyon an.
Jesus ki te kòmanse yon match pou premye fwa nan Koupdimonn Kata 2022 a blese nan jenou e sa fatal pou li. Kote pa ansyen jwè Manchester United la, li blese nan jenou tou e yo menm anonse li ta dwe opore akoz yon pwoblèm ligamantè.
Brezil ap jwe uityèm final konpetisyon an nan yon ti kras jou e li chaje moun li p ap ka konte sou yo. N ap raple se anpil fòsin k ap fèt pou yo wè si Neymar ta gentan bon pou si Brezil rive pi lwen nan konpetisyon an. Bagay yo pa bon pou gwo manman.
Facebook Comments