Gang ame yo nan peyi a pa sispann teworize ti pèp la

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
gang ame yo nan peyi a pa sispann teworize ti pèp la

Aktivite kriminèl gang ame yo kontinye an Ayiti e yo gen konsekans devastatris pou moun ak kominote yo. Deja, plizyè dizèn fanm, timoun, gason kouri kite kay yo Jedi sa a nan Nazon, Delmas 24, Solino ak Saint-Antoine.

Depi mèkredi 1ye mas 2023 a, gwo zam fannfwa yo enkyete moun ki rete anba lavil Pòtoprens. Byen ta nan mitan lannwit ki soti mèkredi 1ye mas pou rive jedi 2 mas 2023 a, son kout zam yo kontinye ap sonnen nan zòrèy anpil moun ki trakase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè kèk rezidan, yo te remake plizyè endividi ame nan plizyè ri nan kapital la, pandan plizyè dizèn fanm, gason ak timoun t ap eseye abandone rezidans yo pou yo kite zòn danje yo, pi presizeman Solino, Bel Air, Delmas 24, Nazon Saint Antoine.

Se pa premye fwa sa rive sitwayen yo ap kouri kite kay yo pou gè gang yo, n ap raple, premye jen 2021, gason, fanm ak timoun te oblige ale Kafou, pou yo te sove anba eklatman vyolans ant gang rival l yo ki te anraje nan Matisan ak Fontamara, nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Òganizasyon dwa moun yo te rapòte plizyè milye moun ki te deplase yo te jwenn refij ak fanmi akèy, oswa menm retounen nan lòt vil nan lòt depatman. 302 kay (1089 moun) yo te loje nan Sant Espòtif Kafou a. Pami yo te gen 446 timoun ak 582 fanm ak tifi k ap viv nan kondisyon trè prekè. Anplis de sa, 101 moun te wè kay yo boule epi 80 lòt te wè kay yo domaje. Yon sitiyasyon tou k ap devaste anpil sektè nan peyi tankou ekonomi Ayisyen an.

Enpak aktivite kriminèl yo afekte ekonomi peyi a nan tout sans daprè ekonomis yo

Aktivite gang kriminèl ak kidnaping yo gen yon gwo enpak sou ekonomi ayisyen an daprè plizyè ekonomis tankou Etzer Emile, Enomy Germain ak Eddy Labossière, daprè sa anpil fwa yo soulve nan deba, nan emisyon tele ak radio, aktivite kriminèl yo kreye yon anviwonman ensekirite ki dekouraje envestisman etranje ak anpeche touris vizite peyi a, sa ki lakoz yon bès nan vizit touristik yo ak yon to chomaj ki pi wo, anplis de sa, vyolans yo anpeche aktivite biznis yo epi redwi pwodiktivite ki ka afekte kwasans ekonomik alontèm nan peyi a.

N ap raple yon lòt bò aktivite kriminèl gang yo lakoz anpil fanmi kouri kite bizinis yo nan divès rekwen nan kapital la. Jonas, yon sitwayen rapòte nan Redaksyon Netalkole a, li oblige abandone biznis li te genyen depi plis pase 10 lane anba lavil la.

“Mwen p ap fè anyen kounya, a chak fwa mwen eseye desann lavil, gang yo anpeche mwen rete vann, anpil fwa tou yo pase, yo vòlè sa mwen te genyen pou vann yo sa ki lakoz mwen oblige kanpe biznis la definitivman”.

Malgre sitiyasyon malouk sila, otorite ayisyen yo pratikman fè silans sou ogmantasyon krim gang ame yo nan peyi a

Daprè divès òganizasyon dwa moun yo nan peyi a, si otorite ayisyen yo pa pran mezi pou konbat ogmantasyon vyolans gang ak zam yo, sa ka gen konsekans ki pi grav pou popilasyon an, otorite yo gen responsablite pou garanti sekirite sitwayen yo epi asire lalwa respekte nan peyi a daprè Pierre Esperance ki fè konnen li enpòtan pou otorite yo rekonèt ki gravite sitiasyon an e travay ansanm ak fòs sekirite e kominote yo pou yo idantifye koz pwofon monte kriminèl sa e devlope stratezi pou frennen sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kèk sitwayen redaksyon an te rankontre nan komin Petyonvil, li enpòtan pou otorite ayisyen yo pran mezi ijan pou asire sekirite yo epi travay alontèm pou ranfòse sekirite ak estabilite nan peyi a. Koperasyon entènasyonal la daprè sitwayen sa yo kapab itil tou pou sipòte efò otorite ayisyen yo nan domèn sa a.

Anpil nan sitwayen nou rive rankontre yo rete kwè yon fòs militè etranje kapab ede a jwenn yon solisyon ak kriz ensekirite a andedan peyi a, men plizyè lòt ta fè konprann se pèp ayisyen an ak otorite yo ki pou degaje yo pou kwape kesyon ensekirite a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia