Gang yo ap tonbe tankou grenn lapli nan Vilaj de Dye

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gang yo ap tonbe tankou grenn lapli nan vilaj de dye (1)

Operasyon lapolis la nan Vilaj de Dye toujou ap kontinye. Pou sèlman ayè vandredi 12 me 2023 sa a, plizyè bandi sòti blese, plizyè sous rapòte gen ladan yo ki ta di lavi a babay, pami yo Woodley, yon ansyen sòlda Ti Makak ki te loje l nan baz bandi 5 Segond pou bay ranfò. Menmsi bilan ofisyèl yo poko disponib sou paj konsène yo, toutfwa, lapolis la ap mennen operasyon an nan nivo ki plis pwofesyonèl la.

Woodley prezante kòm yon ansyen manm nan gang Ti Makak la, daprè detay yo, li te desann Vilaj aprè lanmò chèf gang Ti Makak la ki t ap simen laterè nan Laboule 12, komin Petyonvil. Daprè deklarasyon jounal Trip Foumi Info, Woodley se yon ansyen prizonye tou nan peyi Etazini.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan entèvansyon Lapolis Nasyonal Dayiti a, Woodley te gen nan men l yon zam gwo kalib.

N ap raple, jedi ki te 11 me pase a, Fenel Dimanche, yon manm gang Gran Ravin, te pèdi lavi l pandan yon entèvansyon lapolis nan zòn Matisan 1, touprè Soukomisarya a. Ajan fòs lòd yo te sezi yon zam lagè pandan entèvansyon sila a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.