Ki plan Carlo Ancelotti pou demi final retou Lig dè Chanpyon an

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
ki plan carlo ancelotti pou demi final retou lig dè chanpyon an

Aprè demifinal ale ant Real Madrid ak Manchester City (1-1) nan Bernabeu madi pase a. Madrilèn yo ap deplase pou yo al twoke kòn yo lakay Citizens yo. Koyekipye Vinicius yo nan obligasyon pou yo genyen, pou rezon sa, Carlo Ancelotti kòmanse panse sou kèk estrateji. Yon defans ak E. Militao, Rudiger epi Alaba san Camavinga se yon posibilite. Sa ki vle di defans Real la ap pi solid pou demifinal retou a k ap fèt 17 me.

Pou demifinal retou Lig dè Chanpyon an, kesyon ki kòmanse ap poze nan kan ekip Real Madrid la kote teknisyen Italyen an gen plis chwa nan defans li ak retou E. Militao ki pa t jwe match ale a pou koze katon. Defansè Brezilyen an ap fè gran retou li, sa ki ta fè anpil moun kwè Real kapab jwe ak 3 defansè li yo epi mete Camavinga sou ban.

Si bò kote Manchester City, Guardiola kapab mete menm 11 jwè li yo pou li al chache yon dezyèm final ak Citizens yo, aprè sa l te pèdi fas Chelsea an 2021 an (0-1). Ancelotti li menm ap panse sou defans li a. Li klè, demifinal retou sa repoze anpil sou desizyon antrenè yo, 2 pi gran antrenè jwèt la konnen.

Poze antrenè Real Madrid la kesyon sou defans l ap mete 17 me fas Sky Blues yo, li te reponn konsa:  » Yon defans kont City? M pa konnen, men fòk m di nou m ap ezite anpil sou chwa m yo »

Si nan match ale a Rudiger te solid li menm ak tout Alaba, ak retou Eder Militao a, ansyen defansè Bayern lan kapab jwe lateral goch, yon chwa k ap mete Camavinga sou ban pou defans Merengue yo kapab pi solid, malgre Camavinga te fè yon gwo match nan ale a. Konsa, defans Real la ap jwe ak 4 eleman sa yo: Carvajal-Militao-Rüdiger-Alaba

Menm lè Erling Haaland pa t fè gòl nan match ale a, Madrilèn yo dwe veye l pou li pa sakrifye yo menm jan l te fè l fas ekip RB Leipzig la nan 8èm final retou Lig dè Chanpyon an, kote Cyborg la te fè 5 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article