Gonayiv leve anba grif dechoukay la maten an, yo piye yon gwo magazen katolik 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : VBI

Maten jedi 15 septanm lan yon depo ki rele Caritas nan site endepandans lan (Gonayiv) te leve anba dechoukay pandan twazyèm jounen pwotestasyon depi aprè monte gaz la andedan ponp yo. 

Yon gwoup manifestan ki soti nan divès kwen vil Gonayiv, depatman latibonit, antre nan depo Caritas, yo piye byen piye epi yo al fè wout yo. Yo sezi plizyè bagay manje tankou; diri, lwil kizin, ata matla kabann yo piye, Premye minis Ariel pran yon desizyon ki pa bon menm pou antreprenè yo ak moun ki ap grandi ti biznis yo, pèp la fache kou kong selon dènye deklarasyon yo  » Nou pap bay vag si Ariel pa desann pri gaz la, epi si li pa demisyone ban nou peyi nou »  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ayè mèkredi a, te gen plizyè antrepriz ki te pase anba kalamite dechoukay la, plizyè manifestan te tante antre pou al piye « Depo PAM » ki se yon depo manje mondyal, gras ak entèvansyon fòs lòd yo sa a pat rive fèt. 

Caritas, se yon depo kap dirije pa legliz katolik, sitou blòk kap jere zafè sekou viktim katastwòf natirèl yo elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.